Èske w gen yon istwa w vle pataje? Kit ou t ap vizite pak la pandan 50 lane oswa sèlman pandan kèk mwa, nou ta renmen tande sa w anvi di. Nou pran angajman pou n chèche ak rasanble pil istwa plizyè moun pataje nan kominote pak nou an ki gen divès kalite kiltirèl ak etnik. Èske ou entèrese nan pataje istwa eksperyans ou nan pak la? Kontakte info@ttfwatershed.org oswa rele 215-744-1853. Pwojè sa rive reyalize se gras ak sipò Joseph Robert Foundation.


Istwa Pak yo - Epizòd 7 – Yon Souvni ak Susan Stevenson

Yon tèks Vary Soth

Patenarya Basen Vèsan Tookany/Tacony-Frankford (TTF) la ap asosye li ak Ambrose Liu nan Olney Culture Lab epi ak Doktè Matthew Smalarz nan Manor College pou filme yon seri entèvyou fas a fas ansanm ak manm kominote a nan kad yon pwojè Tacony Creek Park Stories (Istwa Tacony Creek Park yo) ki ap dire de (2) lane. Manor College ki li menm chita kò l arebò Jenkintown Creek nan tèt basen vèsan TTF la, ap devlope sa yo rele yon repètwa Istwa Aloral.

Tacony Creek Park Stories se yon pwojè a de pati ki vize rasanble ak pataje istwa ak souvni pak la ak vwazinay pak la, epi ki vize pou travay ansanm ak atis lokal yo pou ilistre istwa sa yo, sa ki pral rann istwa kolektif Tacony Creek Park la pi aksesib pou kominote a. Nan kad pwojè sa a, TTF fyè pou l pataje blòg sa a avèk ou dapre yon entèvyou ki fèt nan sezon prentan 2020 ak Susan Stevenson, yon rezidan Philadelphia ki gen orijin li nan Lawncrest.

Kijan Tacony Creek Park te ye plizyè lane anvan nou te fèt? Èske l sanble ak jan l ye kounye a? Èske te gen anpil diferans? Kisa ki chanje?

Nan entèvyou sa a, yon rezidan nan zòn nan dekri ak kisa zòn Lawncrest/Cresentville la te sanble. Susan Stevenson fèt nan lane 1951 nan yon kay ki toupre kote nou gen yon Home Depot jounen jodi a nan Adams Avenue ak Roosevelt Boulevard. Friends Hospital ki sou lòt bò lari a te konstwi nan ane 1950 yo anviwon epi pi fò kote nan zòn nan se te fèm ak moulen ki te la a. Depo Naval la ki te pi ba nan menm ri sa a te plen ak avyon Dezyèm Gè Mondyal la epi li toujou gen rès avyon sa yo ladan l jounen jodi a.

Nan tan sa yo, pa t gen okenn pisin piblik jous nan lane 1963, kidonk, li menm, sè li ak zanmi l yo te konn ale nan rivyè a pou al benyen. Kounye a lè l prale nan rivyè a epi li wè fanmi k ap sote nan dlo a, souvni ansyen tan lè l te timoun yo monte nan tèt li.

"Lè m te piti anpil, yo te konn rale mennen m toupatou nan charyo. Ban m di w, mwen pa fin sonje ki laj m te genyen, petèt yon 10 lane konsa, lè nou te vin gen yon lòt chen nan kay la, lè nou te kòmanse pran chen an al pwonmnen l desann bò rivyè a. Sòti nan kafou Garland Street ak Tabor Road la, genyen yon ti pant byen dous nou konn pase ladan l pou n desann nan rivyè a, epi n te konn al ladan l nou glise kò n desann anba a. Li te plis lib pase jan l ye jodi a. Pyebwa yo vin pi gwo epi yo anvayi espas la."

Li sonje tou te gen plis bèt ak plant sovaj nan rivyè a moun te konn wè pi souvan tankou sèf ak zwazo. Ta sanble rivyè a nan lane 1950 yo te pi "pwòp" pase jan l ye jounen jodi a akòz pwoblèm dlo egou rivyè a genyen jounen jodi a. Malgre pwoblèm polisyon an te yon gwo pwoblèm nan epòk la konpare ak jan l ye jodi a, li te fè n konnen timoun yo nan katye a te konn pran charyo makèt yo epi glise desann sou ti pant ki anndan pak la epi yo te konn kite charyo yo menm kote sa a. Pwoblèm anviwònman yo pa t grav pandan ane 1950 yo, epi jodi a n ap fè tout sa nou kapab pou konsève, pwoteje, pran swen ak netwaye pak nou yo.

Sa bèl anpil lè n ap imajine lari yo ak kote yo dekri nan zòn Lawncrest la pandan ane 1950 yo, sa bèl tou pou n wè kèk nan moniman oswa kote enpòtan sa yo ki toujou rete la jous jounen jodi a. Peyizaj yo kapab chanje anpil pandan ane yo, men souvni moun genyen lè yo t ap grandi toupre pak la ap toujou rete san chanjman nan tèt ou.

"Mwen ka raple m ki kote bagay yo te, tankou, koub sa a nan rivyè a se kote chen mwen an te panse pil sab ki te la a se te yon pil nèj. Ou konnen, moman sa yo parèt depi nou wè kote a, bagay serye! Se la menm." Epi kèk nan bagay mwen sonje ki te la pa la ankò."

Èske w gen yon istwa w vle pataje? Èske w gen yon istwa w vle pataje? Kit ou t ap vizite pak la pandan 50 lane oswa sèlman pandan kèk mwa, nou ta renmen tande sa w anvi di. Nou pran angajman pou n chèche ak rasanble pil istwa plizyè moun pataje nan kominote pak nou an ki gen divès kalite kiltirèl ak etnik. Èske ou entèrese nan pataje istwa eksperyans ou nan pak la? Kontakte info@ttfwatershed.org oswa rele 215-744-1853. Pwojè sa rive reyalize se gras ak sipò Joseph Robert Foundation.


Istwa Pak yo - Epizòd 6 – John Hewitt sonje Frankford Creek

Yon istwa Rita Yelda

Yon Paradi Dlo John Hewitt Sonje Frankford Creek inan ane 1970 yo

Patenarya Basen Vèsan Tookany/Tacony-Frankford (TTF) la ap asosye li ak Ambrose Liu nan Olney Culture Lab epi ak Doktè Matthew Smalarz nan Manor College pou filme yon seri entèvyou fas a fas ansanm ak manm kominote a nan kad yon pwojè Tacony Creek Park Stories (Istwa Tacony Creek Park yo) ki ap dire de (2) lane. Manor College ki li menm chita kò l arebò Jenkintown Creek nan tèt basen vèsan TTF la, ap devlope sa yo rele yon repètwa Istwa Aloral.

Tacony Creek Park Stories se yon pwojè a de pati ki vize rasanble ak pataje istwa ak souvni pak la ak vwazinay pak la, epi ki vize pou travay ansanm ak atis lokal yo pou ilistre istwa sa yo, sa ki pral rann istwa kolektif Tacony Creek Park la pi aksesib pou kominote a. Nan kad pwojè sa a, TTF fyè pou l pataje blòg sa a avèk ou dapre yon entèvyou ki fèt nan mwa oktòb 2018 ak John Hewitt, yon volontè nan Frankford Historical Society ki gen orijin li nan Frankford.

Lè John Hewitt t ap grandi nan seksyon Frankford Tookany Creek la nan ane 1970 yo, li menm ak zanmi l yo te itilize rivyè a kòm yon kote pou yo jwe. John ak zanmi l yo, ki te piti epi dezòd nan epòk la te konn pran boutèy diven epi y al konsève yo nan rivyè a pou kenbe yo glase, oswa yo te konn al naje nan tinèl Frankford Creek yo, yon ti kras toupre rivyè Delaware la, nan moman gen gwo menas lapli ak lavalas dlo. Mete sou sa a, John pa t janm kapab bay paran l manti pou l di l pa t konn ale nan rivyè a tèlman sant dlo a te konn ret sou li lè l ap tounen lakay. Menm si se bagay nou p ap konseye timoun fè jounen jodi a, men souvni sa yo te mennen John tounen nan yon tan ki te pi senp lè l t ap viv nan zòn nan jous nan dènye ane adolesans li.

"Ebyen, rivyè a la menm, epi nan pak sa a, nou te konn pran plezi n anpil ladan l" Pawòl John konsènan anfans li. "Kèk fwa nou konn kite dlo a bote n ale jous anba, pa lwen nan Rivyè Delaware la men toupre l la. Nou te konn eseye wè ki pi lwen nou te kapab rive; epi lè n pase pase nan tinèl yo, se te youn nan premye eksperyans mwen fè ki te fè m konnen Frankford Creek."

Rivyè a te vin gen yon siyifikasyon diferan pou John a mezi tan ap pase epi li te vin antre nan endistri fotografi pwofesyonèl, kote l te premye travay antanke endependan pou jounal lokal la epi apre sa a, li te kòmanse yon karyè nan fotografi maryaj. John rekonèt koulè "ble ki klè ak vif" rivyè Tookany Creek la, sa ki te fè se sou santye pak la menm li te konn pran foto koup.

Flè yo k ap fleri, fèy yo k ap tonbe, ak pon an bwa yo te parèt nan foto John yo epi li toujou kontinye gen yon enpresyon sou li lè l ap pale sou zòn nan jous jounen jodi a. John se pa sèlman yon volontè nan Frankford Historical Society li ye, men tou li gen yon istwa ki rele pa l nan rivyè a.

Water quality within the creek has been a long-time concern, including during John’s time living in the area. He recalls both the waterfall at Adams Avenue and most of Frankford Creek looking dirty. “I’ve seen where [the creek] was a lot of different colors…” John recounts about the area near Adams Avenue. Kalite dlo a nan rivyè a te toujou yon pwoblèm ki pa janm fini, menm nan moman John t ap viv nan zòn nan. Li sonje kaskad dlo nan Adams Avenue an ansanm ak pi fò nan dlo rivyè Frankford Creek la te sal. "Mwen te konn wè [rivyè] a ki gen plizyè diferan koulè dlo ladan l..." Pawòl John ki di l sonje sou espas ki toupre Adams Avenue a. Toupre Kensington Avenue, timoun yo te konn sote nan rivyè a epi youn nan fwa swa yo John te sezi lè l wè cheve yon tifi ki te kòmanse pran dife. "Mwen panse te gen yon konpayi toupre la a ki t ap ponpe yon bagay nan dlo a epi konsa san n ap konn kote l sòti, li te kòmanse pran dife. Epi nou te sispann naje nan espas sa la a," John di.

Lòt pwoblèm ki pa janm jwenn solisyon nan koze rivyè a se inondasyon ak fatra nan dlo lapli yo, epi anpil reparasyon te fèt a mezi tan ap apse pou jere pwoblèm lan. Pandan siklòn Agnes nan lane 1972, John sonje tinèl nan Frankford Creek yo te inonde epi yo te menm ap pouse dlo tèlman yo te plen ra bouch. Inondasyon sanzatann ak pwoblèm sekirite se kèk nan pi gwo rezon ki fè n pa t konn ale nan dlo a atravè tinèl yo, men sa pa t anpeche John pran risk. Pandan l ap grandi nan zòn nan, John te obsève pechè nan rivyè Frankford Creek la toupre Rivyè Delaware la men li pa t janm patisipe nan lapèch la. Pandan tan sa a, papa John te yon pechè pwason ki renmen sa l ap fè a ki toujou al rilaks epi fè espò poutèt rivyè a ki toupre l la. Kounye a pandan l ap viv nan Bridgeburg, John kontinye gen aksè ak ti rivyè lokal yo, tankou Allegheny River ak afliyan li a ki se Pine Creek. Pitit gason John nan te konvenk li lòt jou a pou l fè menm wout ak papa l nan lapèch kote l te ale peche ak li nan rivyè a epi yo te trape sis pwason, tankou zangi ak pwason chat.

"Ou konnen, papa m mouri... lè m te gen trèz lane, kidonk mwen te yon ti jan vle ale [out fishing] ak li pou wè paske l te toujou ap di, "Oh se sa k lapèch la, se sa k lapèch la!"

Èske w gen yon istwa w vle pataje? Kit ou t ap vizite pak la pandan 50 lane oswa sèlman pandan kèk mwa, nou ta renmen tande sa w anvi di. Nou pran angajman pou n chèche ak rasanble pil istwa plizyè moun pataje nan kominote pak nou an ki gen divès kalite kiltirèl ak etnik. Èske ou entèrese nan pataje istwa eksperyans ou nan pak la? Kontakte doryan@ttfwatershed.org oswa rele nan 215-744-1853. Pwojè sa rive reyalize se gras ak sipò Joseph Robert Foundation.

Ou enterese wè istwa Frankford Creek la ak plis detay? Vin nan toune nou an, Trails Through Time (Santye Atravè Tan) nan dat 16 Novanm!


Istwa Pak yo - Epizòd 5 – Tacony Tookany Creek Kreye yon Dènye Enpresyon sou Dan Donahue

Yon istwa Rita Yelda

Patenarya Basen Vèsan Tookany/Tacony-Frankford (TTF) la ap asosye li ak Ambrose Liu nan Olney Culture Lab epi ak Doktè Matthew Smalarz nanManor College pou filme yon seri entèvyou fas a fas ansanm ak manm kominote a nan kad yon pwojè Tacony Creek Park Stories (Istwa Tacony Creek Park yo) ki ap dire de (2) lane. Manor College ki li menm chita kò l arebò Jenkintown Creek nan tèt basen vèsan TTF la, ap devlope sa yo rele yon repètwa Istwa Aloral.

Tacony Creek Park Stories se yon pwojè a de pati ki vize rasanble ak pataje istwa ak souvni pak la ak vwazinay pak la, epi ki vize pou travay ansanm ak atis lokal yo pou ilistre istwa sa yo, sa ki pral rann istwa kolektif Tacony Creek Park la pi aksesib pou kominote a. Nan kad pwojè sa a, TTF fyè pou l pataje blòg sa a avèk ou dapre yon entèvyou ki fèt nan mwa desanm 2018 ak Dan Donahue, yon rezidan Philadelphia ki gen istwa familyal li nan Olney.

Eksperyans nou antanke timoun toujou ap enfliyanse sa nou ye jounen jodi a antanke granmoun. Eksperyans enpòtan tankou monte balanswa, sote vole nan rivyè a oswa obsèvasyon yon zwazo kapab rete grave nan lespri nou. Sètènman, se yon bagay nou ka di pou Dan Donahue ki se moun Philadelphia, ki grandi nan Olney epi ki gen souvni Tacony/Tookany Creek epi ki konn sa sa vle di pou li lè l te kapab ale jwe deyò.

Ansanm ak manman li epi de grann li ki te reye nan Olney epi nan Feltonville nan kòmansman ane 1940 ak 1950 yo, fanmi Dan se moun ki konnen pati Nodès Philadelphia byen. Grann li yo, manman li ak sèt frè ak sè l yo, yo tout grandi nan zòn nan pandan diferan deseni, pandan y ap gade vwazinay la grandi tou epi chanje menm jan ak yo.

"M te gen youn nan grann mwen yo ki t ap viv nan Fifth and Fisher, ki se yon kote nan Olney; lòt grann mwen an t ap viv nan Second Street, nan Second and Wyoming, ki se yon pati nan Feltonville m panse. Men yo se de ri ki konekte ak Incarnation Parish, ki li menm nan Fifth and Lindley, ki plizoumwen chita kò l nan mitan," Dan eksplike. "Nou t ap viv nan yon ti ri ki toupre kwen lari pa twò lwen grann mwen nan zòn m apnse ki te Feltonville/Olney a, pi ba boulva a... an verite se te yon ti ri ki pote non Mentor Street

Lè yon moun leve nan zòn ki devlope epi nan mitan vil, li kapab ra anpil pou jwenn kote pou monte bekàn, mache epi rilaks nan lanati. Men menm jan ak anpil timoun, antanke timoun k ap grandi Dan pa t konn rete anndan kay nan peryòd vakans ete. Se te nan moman sa a Dan te kòmanse reyalize wòl enpòtan espas vèt epi lib yo genyen pou li ak frè/sè l yo. "Nou t ap viv nan yon ti ri ki [pa twò laj ki pa t gen pyebwa alantou l menm," Dan sonje. Menm lè paran Dan te demenaje ale New Jersey nan ane 1970 yo, li menm ansanm ak frè ak sè l yo te konn tounen vin vizite grann yo regilyèman. Timoun yo konn pase yon peryòd plizyè semèn nan Feltonville ak Olney pandan ete a, sa ki vin fè yo dekouvri Tacony/Tookany Creek. Prèske senkant lane apre sa a, Dan ak sè l yo sonje kote yo te konn jwe toupre Tacony/Tookany Creek ak tan yo te pase ap jwe toupre pil sab yo.

"Olney, menm jan Feltonville ye epi l pi mal la, pa te gen espas vèt, kidonk ale la te pwobableman yon gwo pwoblèm pou nou epi se poutèt sa tout sè m yo sonje sa byen, epi nou pale sou Tacony/Tookany Creek tout tan," li di. Kantite Dan fè ap ale nan espas vèt yo te kreye yon lanmou lakay li pou anviwònmantalism nan zòn vil yo epi sa kontribiye nan apsyon li gen pou l konsève espas vèt Philadelphia yo. Jounen jodi a pandan l ap viv nan Center City, Dan admire pwojè tankou Schuylkill Banks ak pwojè pou konvèti ansyen chemennfè yo an pak ak santye. "Mwen jis renmen wè lè yo pran kèk zòn epi yo pa sèlman pran avantaj espas vèt yo, men tou yo fè piblik la gen aksè a li."

Tacony/Tookany Creek te bay Dan, ak anpil lòt timoun, yon opòtinite pou jwenn aksè ak mond natirèl la lè sa te kapab fèt yon lòt fason. Dan ajoute "Nan ane 70 yo, li posib pou Tacony/Tookany Creek te sèl kote nou te gen aksè ladan l ki te espas vèt, paske nou pa t vrèman konn kite vil la." “Mwen gen yon santiman pozitif Tacony/Tookany Creek te gen yon gwo enpak sou nou tout nan fason n apresye lanati, paske se te sèlman gras ak kote sa nou te konn sa k rele lanati. Pou m byen di w, nou pa t menm bezwen al nan lanmè. Nou pa t konn al nan Poconos."


Istwa Pak yo - Epizòd 4 – Tom ak Savannah McHale

Yon istwa Rita Yelda

TTF ap asosye li ak Ambrose Liu nan Olney Culture Lab epi ak Doktè Matthew Smalarz nanManor College pou filme yon seri entèvyou fas a fas ansanm ak manm kominote a nan kad yon pwojè Tacony Creek Park Stories (Istwa Tacony Creek Park yo) ki ap dire de (2) lane. Manor College ki li menm chita kò l arebò Jenkintown Creek nan tèt basen vèsan TTF la, ap devlope sa yo rele yon repètwa Istwa Aloral.

Tacony Creek Park Stories se yon pwojè a de pati ki vize rasanble ak pataje istwa ak souvni pak la ak vwazinay pak la, epi ki vize pou travay ansanm ak atis lokal yo pou ilistre istwa sa yo, sa ki pral rann istwa kolektif Tacony Creek Park la pi aksesib pou kominote a. Nan kad pwojè sa a, TTF fyè pou l pataje blòg sa a avèk ou dapre yon entèvyou ki fèt nan mwa novanm 2018 ak Tom epi Savannah McHale, de rezidan nan yon kay istorik nan moulen Whitaker ki sou fwontyè Tacony Creek Park la.

Fanmi Tom McHale rete toupre Tacony Creek Park depi ane 1960 yo, epi an 1991 yo te achte yon kay istorik fanmi Whitaker te posede anvan sa a. Fanmi Whitaker a te gen yon ti izin filati lèn yo te posede nan Tacony Creek nan premye ane 1800 yo ki te fonksyone jous nan ane 1970 yo. An 1813, yo te konstwi yon seri kay toupre izin nan pou travayè fanmi Whitaker yo, vizitè ak manm fanmi yo rete ladan yo. Pandan anpil nan kay sa yo te boule nan lane 1975, sa ki te fè yo kraze, fanmi McHales te kapab achte yon kay san okenn domaj, sa ki te yon rèv manman Tom gen depi lontan.

Gen kèk nan souvni Tom pi renmen yo ki se souvni lè l t ap viv nan kay la ak lè l te konn ale toupre Tacony Creek Park, tankou pran chen li pou al pwomnen ak pase tan ak zanmi l nan katye a. Tom di "Nou te toujou konn ap jwe, epi sa te toujou fè apresye pak la epi pran swen li." Pandan Tom te deplase al rete nan Center City Philadelphia nan laj ventèn li, lanmou li pou pak la ak kominote a te fè l tounen nan kay familyal la ak madanm li Savannah nan sezon prentan 2018.

Koup la pwofite fè pati istwa pwopriyete a nan plizyè moman, yo te fè seremoni maryaj yo nan lakou a toupre forè ki nan lizyè Tacony Creek Park la. "Pak la, kay la - yo tèlman fè pati lavi m. Se yon kote m pran plezi m pou m ladan l," Savannah di nou.

Lè Tom te sòti kite katye a, li te suiv TTF sou rezo sosyal yo pou wè pwogrè ak pwogramasyon k ap fèt nan Tacony Creek Park, epi se nan bouch manman lli te premye tande katye a gen amelyorasyon k ap fèt ladan l. Lè Tom te retounen nan zòn sou yon dis lane konsa, Tom di li wè plis bèt sovaj ak plant pase kantite l sonje l te konn wè lè li te timoun, epi li remake krim, machin ki pran dife, ak lapolis k ap kouri dèyè vòlè diminye anpil nan zòn nan.

Tom reflechi sou chanjman yo epi li di: “...Mwen panse lè yo kite zèb sa yo grandi sa rann yo kenbe rivyè a pi pwòp. Se konsa lè nou remake nouvo plant, zèb, fason yo pwoteje rivyè a kont salte, fason yo ankouraje pou gen plis bèt sovaj, lè nou remake gen anpil lòt pòtay yo mete kanpe pou bloke aksè moto kat wou (ATV) yo ki ka leve pousyè ak labou epi fè bèt yo pè, lè nou wè tout pwomnad kominotè ki te òganize, tout sa yo se ti egzanp pwogrè nan dènye dis lane yo ki pa t reyalize lè m te timoun, tout sa yo se yon bèl eksperyans pou m wè yo jounen jodi a."

Savannah di: "Lè nou te demenaje vin rete isit la, mwen te tounen itilize kamera mwen epi m te chèche redekouvwi lanmou m gen pou fotografi epi m te kòmanse pran foto tout bèt ak plant ki gen nan pak la. Li te pase peryòd ete ane pase ap fè foto kolibri, epi li kontinye jwenn enspirasyon nan lavi bèt ak plant yo, epi kounye a li gen yon rena li toujou ap obsève li tande yo di ki toujou ap flannen nan zòn nan.

Robin Irizarry, yon ansyen Kowòdonatè nan Patenarya Basen Vèsan TTF Philadelphia a, te dekouvri foto nati Savannah te pran yo sou iNaturalist epi li te envite li ak Tom pou yo ale nan pwogram pak yo. “Rankontre li epi wè travay li te fè ak kantite bagay li konnen sou bèt ak plant sovaj lokal yo... sa te vrèman enspire m pou m patisipe plis toujou,” Savannah te di nou, “...Sèlman pasyon li genyen pou l kenbe pak la pwòp... epi grenn demann li fè devan kominote a pou yo ba l ide sou kijan pou fè rès kominote a patisipe nan antretyen pak yo, se yon bagay ki vrèman remakab pou mwen.”

Pwogramasyon TTF ofri a se yon opòtinite pou fè moun sòti kite kay yo epi vin entèrese ale nan pak la pou yo vin envesti nan zòn nan epi defann li, epi sa se yon gwo pati nan sa Tom ak Savannah renmen nan òganizasyon an epi se sa ki te fè yo patisipe. Tom eksplike mach, netwayaj, epi fè fèt katye kominote an ap fè yo ap pote mete linyon nan mitan kominote a pou yo chita sou yon resous pataje ki jwe wòl yon eleman santral.

Espwa Tom pou lavni se pou plis moun vin entèrese vin nan pak la epi pou li vin pi ansekirite pou tout moun pran plezi yo. Li te ajoute: "Epi si timoun yo oswa nenpòt moun ka fè yon ti mache nan pak la epi pou sa ta vin enspire yo oswa enfòme yo pou yo aprann konsève ak pran swen anviwònman an ak mond n ap viv ladan l lan nan yon fason ki diferan ak jan n ap viv lavi chak jou a men nan yon pèspektiv ki pi gran, lè sa a, sa mwen ta kapab espere se pou objektif pak la akonpli." Ki pèspektiv Savannah genyen pou avni pak la? "Mwen moto, plis zannimo."


Istwa Pak yo - Epizòd 3 – Pase ak Fiti Tacony Creek Park: Yon Entèvyou ak Lisa Kuzma, Direktè Olney Christian School

Yon istwa Rita Yelda

TTF ap asosye li ak Ambrose Liu nan Olney Culture Lab epi ak Doktè Matthew Smalarz nanManor College pou filme yon seri entèvyou fas a fas ansanm ak manm kominote a nan kad yon pwojè Tacony Creek Park Stories (Istwa Tacony Creek Park yo) ki ap dire de (2) lane. Manor College ki li menm chita kò l arebò Jenkintown Creek nan tèt basen vèsan TTF la, ap devlope sa yo rele yon repètwa Istwa Aloral.

Tacony Creek Park Stories se yon pwojè a de pati ki vize rasanble ak pataje istwa ak souvni pak la ak vwazinay pak la, epi ki vize pou travay ansanm ak atis lokal yo pou ilistre istwa sa yo, sa ki pral rann istwa kolektif Tacony Creek Park la pi aksesib pou kominote a. Nan kad pwojè sa a, Patenarya Basen Vèsan TTF la fyè pou l pataje blòg sa a avèk ou dapre yon entèvyou ki fèt nan mwa oktòb 2018 ak Lisa Kuzma, Direktris Olney Christian School.

Olney se yon katye nan Philadelphia Lisa Kuzman konnen byen. Se la li al travay, fè espò, fè eksplorasyon, epis ela li te viv pandan anviwon ven lane. Lisa ba nou tout verite sou gwo difikilte Tacony Creek Park te konn genyen lè l fenk vin rete nan katye a.

"Souvni mwen gen ki remonte pi lwen ann pase yo se te lè m te konn al pwonmnen ak zanmi mwen... Mwen te nouvo nan katye sa a, m pa t gen lontan m te vin rete ladan l," li te di nou. "Se konsa, nou te kòmanse mache sou santye an ansanm...epi gen yon mesye ki t ap vini anfas nou epi l di n 'Nou toude te mèt vire tounen epi kite pak la Nou pa an sekirite lè nou la a."

An 1999, lè Lisa t ap travay pou pwogram apre klas nan New Life Church Olney a, opsyon pou elèv yo al pwonmnen nan sòti te limite anpil. Lisa toujou vle elèv yo respire lè fre epi jwi espas lib pou pran plezi yo, se pou sa li te mennen elèv yo sòti ale nan Tacony Creek Park pou fè yo pran "plezi nan glise desann sou yon ti pant, jwe nan tè... tout bagay yo renmen fè; [bagay] mwen panse timoun ta dwe kapab fè." [things] Sepandan, lè yo te nan pak la, sipèvizyon siplemantè granmoun yo te nesesè epi te dwe gen règ ki di pou jere elèv yo pou evite yo fè fas a chen ki pa mare oswa lòt pwoblèm. Mete sou mank sekirite sa a nan Tacony Creek Park nan epòk la, pwòpte nan rivyè a se yon bagay tèt chaje. Rivyè a te gen yon vye sant epi li te chaje ak charyo makèt ki chavire epi ak fatra.

Ven lane pita, Lisa di li wè sekirite pak la ak pwòpte rivyè a amelyore, epi s eyon bagay li felisite anpil poutèt angajman TTF pran kote l te twouse manch li epi fè gwo travay sa a. "Dlo a pwòp totalman,: Lisa te di nou ak yon souri nan figi l. "Epi travay yo fè sou santye a - sa rann santye a vrèman aksesib." Lisa pa gen okenn ezitasyon pou l itilize pak la kounye a, pandan l ap itilize li pou l monte bisiklèt epi pou kouri, epi li santi li pi byen lè l konnen elèv yo pral ladan tou. "Nou pa gen menm enkyetid nou te konn genyen sa fè 10, 15 lane anvan sa," li ajoute.

Travay TTF la pa sispann nan pak la, paske yo te angaje elèv Lisa gen nan Olney Christian School anndan salklas la gras ak yon edikasyon anviwonmantal epi nan fè menm elèv sa yo vin gen yon pi bon konpreyansyon sou mond natirèl la. Kounye a, elèv yo ka rekonèt bwi zwazo yo epi yo te plante yon jaden rekiperasyon dlo lapli bòkote lekòl la pou kontwole dlo lapli a.

Yo te anseye elèv yo tou sou koneksyon ki genyen ant polisyon dlo lapli ak dlo pou moun bwè, epi elèv yo te kontinye edike kominote yo sou sa tou. Devouman ak travay serye TTF fè a mezi tan ap pase te vin antre nan kad yon apèl pou tout moun reveye yo pou jesyon pak la selon Lisa. Konpreyansyon sa a sou responsablite pèsonèl ak kapasite yon moun gen pou l rann sèvis li te konn resevwa se yon bagay nou remake nan devouman Lisa, "[[God]] pa sèlman bay kado epi apre sa pou l kite ou jete yo."

Apre ven lane kwasans nan Tacony Creek Park, Lisa espere wè gen amelyorasyon ki kontinyefèt pandan dis lane kap vini yo tou

“Sa mwen wè ki pral kòmanse nan yon ti tan, yon bagay mwen ta reyèlman renmen wè plis, se fanmi yo k ap pran pwòp inisyativ yo pou pase tan nan pak la... Mwen ta renmen pou l se yon kote ou ta kapab ale flannen ladan l epi pou moun kapab al fè piknik, moun yo ka chita alantou yo pou li yon liv; [a place] [yon kote] timoun yo ap fè monte desann nan santye an.”


Istwa Pak yo - Epizòd 2 – Rankontre Elaine Johnson ak Latinas In Motion

Tacony Creek Park Gen Gran Opòtinite Egzèsis Fizik pou Moun Tout Laj

Yon istwa Rita Yelda

TTF ap asosye li ak Ambrose Liu nan Olney Culture Lab epi ak Doktè Matthew Smalarz nan Manor College pou filme yon seri entèvyou fas a fas ansanm ak manm kominote yo. Manor College ki li menm chita kò l arebò Jenkintown Creek nan tèt basen vèsan TTF la, ap devlope sa yo rele yon repètwa Istwa Aloral.

An 2014, Patenarya Basen Vèsan Tookany/Tacony-Frankford (TTF) la te entwodui Elaine Johnson, yon natif natal Philadelphia ak fondatè òganizasyon san pwofi ki rele Latinas In Motion. Depi lè sa a, pak la se yon sous sante ak byennèt pou manm òganizasyon li a, epi s et menm jan an tou pou pwòp fanmi li. Nan dezyèm epizòdPark Stories: An Oral History of Tacony Creek Park, Ambrose Liu chita ak Elaine pou diskite sou pi bèl souvni li gen sou pak la ak chanjman ki te gen ladan l atravè ane yo.

Avèk fondasyon Latinas In Motion nan lane 2012, Elaine Johnson te vize ankouraje lòt fanm nwa rete aktif epi kreye yon sans motivasyon zanmitay nan ekip yo a. Apre tout bagay, kouri ak mache se kalite egzèsis fizik ki pi aksesib la paske li gratis, kidonk li pa yon bagay ki baze sou opòtinite yon moun gen pou l kapab oswa pa kapab peye yon frè antre. Elaine fè nou konnen li te grandi nan mitan vil la North Philadelphia, li pa t toujou yon kote ki gen sekirite pou timoun al jwe deyò, epi sante ak byennèt se bagay moun pa t konn pale sou yo lè yo sou tan ap manje. Selon rechèch li, li te remake tou fanm nwa reprezante pi gwo pousantaj moun ki soufri obezite, maladi kè, ak dyabèt, kote tout se pwoblèm sante egzèsis fizik kapab ede rezoud. Non sèlman rete aktif se yon bagay ki enpòtan pou sante fizik, men tou li te sèvi kòm yon ogmantasyon konfyans lakay Elaine epi li te ranfòse relasyon pèsonèl li. Elaine di "Anvan, mwen panse ale jwe deyò te konn lakòz mwen pa alèz ditou... Mwen panse mwen pa t ase alèz ak tèt mwen pou m aksepte twòp silans." "Jounen jodi a se la m jwenn lapè."

Lè Elaine fenk tande pale konsènan TTF sis oswa sèt lane anvan sa, òganizasyon an te kontakte li sou premye edisyon anyèl Healthy Trails 5K nan Tacony Creek Park, epi li te ofri tèt li antanke volontè pou l ede. Anvan TTF, Elaine pa t konnen Tacony Creek Park te egziste, men kounye a li vizite pak la souvan epi sa rann li gen plis zanmi ki konn kouri ak li yo ki konnen egzistans pak la. Latinas In Motion te òganize edisyon anyèl 5K pa yo tou nan Tacony Creek Park pandan senk dènye lane yo, sa ki kreye yon lòt opòtinite pou montre kisa pak la ofri. Manm pèsonèl TTF yo te fè Elaine fè premye vizit li nan pak la pou l abitye tèt li ak peyizaj la. Elaine dekri vizit li te fè nan Tacony Creek Park la konsa "...se yon eksperyans ki majik, paske si ou pa konn anyen sou pak la, ou p ap menm konnen li egziste. Epi yon fwa ou anndan pak la, ta sanble se pa Philadelphia w ye. Gen anpil lapè ak silans."

Kòm kounye a yo konsidere l se yon chanpyon nan pak la, Elaine fè lòt moun ki ap kouri ak mache sou pak la konnen pak la se yon lòt opsyon moun genyen ki an sekirite epi aksesib pou pase ladan l lè n konpare l ak chwa moun gen pou y al kouri ak mache sou twotwa vil yo. Li patisipe tou nan yon netwayaj yo fè nan pak la chak ane anvan edisyon 5K Latinas In Motion lan epi li te remake kijan netwayaj sa yo bay moun yo yon sans angajman nan avni pak la. Patenarya ant Latinas In Motion ak TTF se yon patenarya ki ogmante aktivite nan Tacony Creek Park epi ki ogmante vizibilite pak la. An 2016, TTF rekonèt LIM nan Seremoni Prim Friend of the Watershed Milestone Awardla!

Depi lè Elaine te kòmanse travay ak TTF, kapasite òganizasyon an gen pou l kenbe Tacony Creek Park an sekirite ak pwòp pandan plizyè ane te enpresyone l epi li te dekri òganizasyon an kòm "ti zanj" ki toujou ap pran swen pak la. Elaine ajoute pou l di TTF gen yon kapasite espesyal pou fè edikasyon anviwònman aksesib pou tout moun, menm pou moun ki pa konnen anpil bagay sou mond natirèl la, epi òganizasyon an te anseye li anpil bagay sou lanati.

Patisipe ak Latinas In Motion epi ak TTF te chanje bagay yo pou fanmi Elaine nan fè yo kite kay la pou ale deyò epi nan fè yon konprann enpòtans ki genyen nan fè egzèsis fizik pou vin ak yon jenerasyon ki pi an sante. Pitit fi 7 lane Elaine la te fini premye 5K li ane pase, yon bagay Elaine pa t rive fè jous nan ventèn li; epi lè pitit gason l la wè li mare lasèt tenis li epi li mande si li pral fè spò, sa kreye yon dyalòg ansanm ak yon konsyantizasyon sou egzèsis fizik li pa t jwi lè l t ap grandi. Manman ak sè Elaine yo te menm vin patisipe nan kous ak mach yo, menmsi sa te pran yo kèk ane. Elaine deklare lè li rete angaje ak konsistan, sa ankouraje lòt moun suiv li. Li eksplike se tankou lè w ap "plante grenn" epi w ap tann pou yo jème.

Elaine gen espwa nan tan kap vini yo Tacony Creek Park ap gen pou l vin yon kote pou fanmi pase tan yo san pwoblèm epi pou yo pale, pou gen plis moun toujou ki ap pwofite avantaj pak la ofri yo. Tacony Creek Park se yon "trezò" li vle kominote a konnen epi jwi.

Nou fyè anpil pou nou pataje entèvyou sa nou fè ak Elaine Johnson, dezyèm entèvyou nou nan pwojè de lane Tacony Creek Park Stories nou an. Pwojè a de pati sa a se rasanble ak pataje istwa ak souvni pak la ak vwazinay pak la, epi ki vize pou travay ansanm ak atis lokal yo pou ilistre istwa sa yo, sa ki pral rann istwa kolektif pak nou an pi aksesib pou kominote nou an.

Èske w gen yon istwa w vle pataje? Kit ou t ap vizite pak la pandan 50 lane oswa sèlman pandan kèk mwa, nou ta renmen tande sa w anvi di. Nou pran angajman pou n chèche ak rasanble pil istwa plizyè moun pataje nan kominote pak nou an ki gen divès kalite kiltirèl ak etnik. Èske ou entèrese nan pataje istwa eksperyans ou nan pak la? Kontakte doryan@ttfwatershed.org oswa rele nan 215-744-1853. Pwojè sa rive reyalize se gras ak sipò Joseph Robert Foundation.


Istwa Pak yo - Epizòd 1 – Fred Maurer, Zanmi of Tacony Creek Park

Nou fyè anpil pou nou pataje entèvyou sa a ak Fred Maurer, premye entèvyou nou nan pwojè de lane Tacony Creek Park Stories nou an. Pwojè a de pati sa a se rasanble ak pataje istwa ak souvni pak la ak vwazinay pak la, epi ki vize pou travay ansanm ak atis lokal yo pou ilistre istwa sa yo, sa ki pral rann istwa kolektif pak nou an pi aksesib pou kominote nou an.

TTF ap asosye li ak Ambrose Liu nan Olney Culture Lab epi ak Doktè Matthew Smalarz nan Manor College pou filme yon seri entèvyou fas a fas ansanm ak manm kominote yo. Manor College (ki li menm chita kò l arebò Jenkintown Creek nan tèt basen vèsan TTF la) ap devlope sa yo rele yon repètwa Istwa Aloral.

Fred Maurer (dezyèm apati bò dwat la) k ap resevwa TTF Legacy Award lan nan ane 2016

Fred Maurer, yon natif natal Philadelphian epi yon rezidan nan Olney depi lontan, te yon manm nan Friends of Tacony Creek Park pou plis pase 25 lane, epi l ap sèvi kòm Vis Prezidan pou Kesyon Konsèvasyon yo. Li te pase plizyè èdtan nan pwosesis konsèvasyon pak la, epi menm jodi a, ou ka jwenn li ki ap pase tan sou santye an, epi l ap netwaye pak la.

Nan premye epizòd An Oral History of Tacony Creek Park, Maurer chita ak Doktè Matthew Smalarz, Prezidan Depatman Syans Imen ak Syans Sosyal nan Manor College, pou diskite sou pi bèl souvni Maurer gen sou pak la ak chanjman ki te gen ladan l atravè ane yo, ansanm ak segman endekse sa yo:

0:30 – Grandi nan Kensington, demenaje nan Olney, kondi kabwèt a cheval, epi Mustang Stables (Ekiri Mistanng)

...pa gen ekiri ki se ekiri prive ankò. Te genyen... sa ki piblik epi youn nan yo se te ekiri mistanng lan. Kidonk, se te yon kote ou te kòmanse ap vwayaje sou pil fwen (restan plant yo fin rekòlte yo) epi ansuit pou ale jous nan pwent final teren ki disponib la epi lè w rive nan pwent la, toupre Roosevelt Boulevard, sonje boulva a te kòmanse konstwi an 1927, se lè sa a itilizatè pak yo te vin plizoumwen sispann gen aksè fasil. Nan pwent lan, toupre Roosevelt Boulevard, gen yon kloti teren...kote moun yo te ka kanpe epi fè piknik nan ti kote sa a, ou te sèlman gen pou wvin ak sa w ap manje ak bwè yo, nan zòn sa a toupre boulva a. Lè m verifye li, anvan sa a, genyen rès bagay ki demontre te genyen ekiri sa m te konn al ladan l lan nan fen vwayaj la. An gwo, sa se premye eksperyans mwen epi m fin pale. Mwen te apresye l.

4:30 – Chanjman nan itilizasyon lwazi anvan ak apre Dezyèm Gè Mondyal la, ak devlòpman premye bilding lwazi pak la nan Whitaker Ave.

8:30 – Amelyorasyon nan pak nan lane 1970 yo te vin posib gras ak finansman Bisantnè Ameriken an, ki gen ladan l yon chemen difisil pou moun k ap monte bisiklèt, ti forè pou fè piknik, fwaye pou dife, epi anfen: pon.

14:15 – Plan devlòpman epòk Gè Fwad la ak fason nou te sove pak la paske n te rive pèdi yon sibvansyon 25 milyon dola Fondasyon William Penn te ofri nou.

20:00 – Enfliyans Tacony Creek sou opinyon Fred genyen sou anviwònman, ansanm ak fason plizyè mwa pwonmnad nan santyeAppalachian Trail la te vin pèmèt yo pase 30 ap travay sou li.

22:30 – Pak yo antanke yon refij san danje pou moun yo nan jou 11 septanm 2001 an.

30:15 – Chanjman nan kominote ki ozalantou pak la ak vid edikasyonèl ki te vin genyen lè nou pèdi finansman pou Park Guards la

34:15 – Pi gwo amelyorasyon pak la ane sa a nan Adams Avenue, gras ak PennDOT

37:45 – Kisa Tacony Creek vle di pou Fred apre tout ane sa yo

KLIKE LA pou koute tout entèvyou nou fè ak Fred Maurer a.


Èske w gen yon istwa w vle pataje? Kit ou t ap vizite pak la pandan 50 lane oswa sèlman pandan kèk mwa, nou ta renmen tande sa w anvi di. Nou pran angajman pou n chèche ak rasanble pil istwa plizyè moun pataje nan kominote pak nou an ki gen divès kalite kiltirèl ak etnik.

Èske ou entèrese nan pataje istwa eksperyans ou nan pak la? Kontakte doryan@ttfwatershed.org oswa rele nan 215-744-1853.

Pwojè sa rive reyalize se gras ak sipò Joseph Robert Foundation.


Koute Koleksyon Pwojè Istwa Oral Basen Vèsan Tookany/Tacony Creek la

Remèsiman Espesyal pou